-
Chè Fanmi.
Pandan ke lekòl yo fèmen, yo bay manje pou timoun yo nan kominote w la. Nenpòt timoun ki gen 18 tan oswa ki pi piti ka resevwa sache manje gratis. Timoun yo pa bezwen prezan pou resevwa manje. Jwenn yon lis nan kote kap bay manje. Ale sou de.gov/majepouelev entènèt la yo oswa rele 211, ankò ale sou entènèt la de.gov/majepouelev yo oswa rele 211. Ou ka ale nan nenpòt kote k’ap bay manje; li pa oblige senan lekòl ou oswa nan distri ou.
Nou vle raple w konsèy jeneral Sante Piblik Delaware pandan tan sa a. Si ou santi’w byen, jwi lavi’w chak jou , men evite kontak avèk lòt moun. Eseye rete lwen ak lòt moun 6 pye distans.
Ou ka evite gaye mikwòb yo, nan lave men’w pou omwen 20 segonn epi itilize dezenfektan pou men’w. Pa manyen figi ou, epi kouvri bouch ou ak yon twal, oswa koud bwa’w le’w gen tous.
Si ou santi’w malad , ou dwe rete lakay ou , epi kontakte doktè ‘w si ou gen kèk sentòm . sitou si’w gen lafyèv, touse, ak paka repire.
Rele Sante Piblik Delaware avèk kesyon jeneral nan 1-866-408-1899 oswa voye yon imèl nan DPHCall@delaware.gov. Sant apèl la gen tradiktè disponib. Nimewo sa a ankò se 1-866-408-1899.
Prepare’w pou youn ede lòt. Yon sans solid nan kominote pral bezwen ede tout moun nan tan difisil sa a.
Last Modified on September 10, 2020